AKSYON POU YON BON GOUVENANS PIBLIK AN AYITI

Nou mete sou rezo sosyal yo LYEN POU NOU SIYEN PETISYON sou pwopozisyon dis (10) mezi sa yo pou nou sipòte lide ke Ayiti dwe pran yon lòt direksyon nan fason yap jere l pou l resi vinn yon Leta kap sèvi popilasyon an kèlkeswa ekip kap sou pouvwa nan peyi a. Klike la pou siyen petisyon an!

Pwopozisyon dis (10) mezi pou yon gouvènans responsab pandan Tranzisyon politik lan epi pou enskri Ayiti nan yon demach bòn gouvènans piblik.

Kontèks ak Pwoblèm

Lè pou n kòmanse panse nouvo Ayiti a rive e l sonnen fò ankò anba bri kout zam ak gwo flanm dife ki pa sispann detwi tout sa yo jwenn sou wout yo. Pòtoprens ki se kapital Ayiti, anba dife e an san. An reyalite, bri zam ak dife yo, ansanm ak zak babari, zak malonèt atwòs ki difisil pou dekri kap fèt sou pèp Ayisyen an, sou wout pou detwi Repiblik dAyiti. Zak sa yo vin pi plis e pi fò chak jou ki pase, lajounen kou lannwit, selon volonte sila kap egzekite yo ak sila kap panse e planifye yo. Pandanstan, Leta absan! Enfrastrikti fizik ak tout sistèm kita dwe sèvi baz kote konesans ak sèvis ki endispansab pou pwogrè sosyal, kiltirèl, ekonomik, syantifik, teknik, ak teknolojik peyi a chita yo sou wout pou detwi anba zak kriminèl. Pami yo, gen enfrastrikti eskolè ak inivèsitè ki se egzanp klè.

Se domaj Leta pèdi kontwòl sou nannan misyon l yo douvan je tout mond lan ! Konsa, Repiblik dAyiti pran gwo kou nan dimansyon fizik li yo tou kòm nan dimansyon senbolik osnon mitik li yo. Anpil nan otorite piblik nou yo pa pran responsabilite yo oserye osnon, yo sanble pa konprann responsabilite yo genyen pou rezoud pwoblèm yo oswa satisfè bezwen popilasyon an. Dayè, olye pou yo ta vini ak estrateji pou rezoud pwoblèm yo, yo pito mache plenyen piblikman san jennen. Anplis, yo pap travay nan yon kad politik, administratif, lalwa, ak jesyon ki fèt pou fòse yo bay rezilta. An pafèt eksprè, sistèm politik ak administratif ki an plas lan pa bay sosyete a zouti poul kontwole rezilta yo. Pèsonn pa reyèlman konnen kisa kap pase andedan administrasyon piblik lan. Kidonk, aktè piblik kap dirije yo tou pwofite san pè san krent. Lè sa a, li klè ke yap pran aksyon ki pa chita sou okenn bezwen yo idantifye anvan. Se konsa, li inevitab ke Leta vin pi pòv, dechèpiye nan yon pwen ke l vin oblije ap tann èd letranje pou satisfè, nan lawont, bezwen debaz Nasyon an.

Yon lòt kote, depi plis pase 30 lane, dirijan yo ap itilize anpil lajan peyi a nan yon pakèt entèvansyon ki pa genyen okenn lyen – ni nan sak pase nan lespri n ni nan lojik – avèk bezwen yo oswa pwoblèm esansyèl Pèp la. Sak pi mal la, entèvansyon sa yo fèt an deyò tout mizanplas kigen awè ak teknik ki te ka fasilite yon bon jan kontwòl e pèmèt fikse responsabilite aktè politik ak administratif yo nan Leta a. Se ka anpil konsiltan san ekspètiz oswa anpil ekspè ki pa bay rezilta, osinon san pwodwi anyen, ki anvayi administrasyon piblik la. Sa yo se yon ti echantiyon gwo pwoblèm ki afekte bon jan rezilta nan sistèm ki an plas an Ayiti a, e ki enpòtan pou nou manyen yo. Anplis toujou, nan eta administrasyon piblik sa a ye la a, pa gen okenn kontwòl strik ni kap bay bon jan rezilta ki posib. Dotan ke pa gen okenn enstitisyon kontwòl nan peyi a ki ka pretann li asime responsabilite sa yo. Mizanplas pou asire jesyon yo pa pèmèt sa fèt. Yon reyalite ki bay okazyon pou lajan Leta yo jere (depanse) nan kondisyon ki pa fin klè e ki mennen nan piye Leta a. Akòz reyalite sa a, okenn entèlektyèl oswa pwofesyonèl konpetan pa ka pretann ke yap kapab pwodwi bon jan rezilta nan yon sistèm politik, administratif ak jesyon ki pa adapte menm ak lojik rezilta, sa ki mande pou yon gwo pase men nan Leta ayisyen an epi mete baz refondasyon l pou li vin yon Leta kap sèvi kominote a.

Jan gouvènans lan ye kounye a

Itilizasyon lajan Leta nan bagay ki san enpòtans mache bradsou bradsa ak absans rezilta nap konstate yo osnon ak anpil vye rezilta sa yo ke nou konstate, nan 10 dènye lane ki sot pase yo. Rezilta sa yo, ki prèske menm nan tout aspè ak domèn nan Leta a, ta ka sèvi kòm baz pou n kwè ke pratik ki pa respekte règ ak prensip yo nan gouvènans piblik peyi a se pami bagay ki mete pèp ayisyen an nan sa lap viv jodi a e ke Leta a ap gade san l paka rive fè anyen. Ayiti vin twouve li nan sitiyasyon pou li oblije ap tann asistans, nan tout domèn, nan men patnè entènasyonal li yo. An reyalite, li akseptab ke patnè sa yo ba li èd ki nesesè pou pèmèt li soti nan sitiyasyon sosyal, politik ak ekonomik li ye a. Men, kòm yon Leta ki gran moun tèt li, li fè lèd pou tout aksyon li yo chita sou sa patnè sa yo vle san li pa kapab defini priyorite li yo ak jan lap mete yo anplas dapre reyalite lakay li.

Malerezman, lè lap tann chak ane, lajan etranje pou l fin rive bidjè pou li tante manyen kèk bezwen debaz popilasyon an, li nan difikilte pou li pretann li dwe aji an granmoun. Se sitou pou rezon sa a ke jesyon resous piblik yo nan bon jan règ ak prensip yo dwe youn nan gwo priyorite li. Epi tout sitwayen responsab dwe enterese ak sa e egzije jistifikasyon pou lè yo itilize yo. Nan ka sa a, li endispansab ke Ayiti pran tan nesesè, jan li se yon pratik ki chita sou larezon nan anviwònman sosyal ak politik peyi patnè li yo, pou l etidye ak konprann an pwofondè pwoblèm li yo epi chèche rezoud yo sou baz lakonesans, olye ke lap prese pran solisyon  » pap-padap  » ki soti lòt kote paske aktè ayisyen yo paka rive antann yo pou jwenn pi bon mannyè pou rezoud pwoblèm yo. Nan ka sa a, règ jwèt la ka riske pa defini alavans. Se egzakteman reyalite pwosesis Tranzisyon ki ap negosye kounye a.

Sètènman, kèk pwosedi ka an prensip ralanti pwogrè yo, men yo evite kèk desizyon miwo miba ak manipilasyon ki ka deranje. Pami anpil lòt, gen de gwo pwoblèm ki anpeche administrasyon an bay bon jan rezilta : (a) refi aktè yo pou aplike règ ki klè epi (b) pratik pou fè eksprè mete an plas règ ki bay anpil konfizyon ak anpil entèpretasyon, pou yo ka fè woulem debò nan lobjektif pou fè detou ak obligasyon pou yo bay rezilta. Se yon kalte pyèj ke sitwayen ki gen bon konprann yo dwe veye epi konbat sou tout fòm. Paske, se sèlman sa ki defini alavans epi ki ekri nan yon mannyè klè e limite ki ka byen kontwole.

Ijans pou yon chanjman nan mannyè aksyon politik ak administratif yo ap pran

Pwoblèm Ayiti yo afekte tou mizanplas politik ak mizanplas administratif yo ki, an prensip, depann youn de lòt. Youn dwe soutni epi travay ak lòt pou pwodui rezilta. Men, lè politik la vale epi efase teknik la, sa toufe administrasyon an. An reyalite, politik la dwe aji sou baz sa syans ak/oswa teknik la bali. Se youn nan rezon ki fè lè youn aji nan plas lòt oubyen pran plas lòt, sa mennen nan sitiyasyon ki pa bay rezilta. Kidonk, li nesesè pou Leta ayisyen chanje fason lap aji kounye a.

Règ ak prensip pou mennen aksyon Leta yo dwe respekte. Poutan, nou remake ke, jou aprè jou, aksyon Leta ayisyen yo pa kadre ak reyalite kap pase sou teren an. Entèvansyon l yo pa chita sou pwoblèm ak bezwen sosyete a, ou dimwens, entèvansyon Leta yo pa gen okenn jistifikasyon ki chita sou larezon. Pa egzanp, ou pa ka pran plezi nan konstwi estad foutbòl nan yon kominote kote li ta pi nesesè pou mete moulen (mayi, pitimi osnon kafe). Nan ka sa a, resous Leta yo gaspiye nan aksyon ki pa enpòtan. Se sa a nou rele « absans etid bezwen yo oswa manke konnesans sou pwoblèm reyèl yo ki pou rezoud  » nan yon kominote. Se sak fè politik piblik nan okenn sektè pa gen lyezon nesesè, ki chita sou bezwen reyèl popilasyon an.

Konsa, li enpòtan pou nou remake ke, lòske règ ak pwosedi rezonab konvenkan sou enpòtans entèvansyon Leta yo pa respekte, ris pou moun ki konsène yo pa sipòte yo men gwosè epi sanble gen rapò ak move rezilta yo. Sa vle di sosyete a, e souvan menm manm ekip ki sou pouvwa yo, pa jwenn anyen ki konvenk yo ke aksyon ke yap pran yo enpòtan. Fason sa a anpeche Leta jwenn sipò nesesè pou siksè aksyon yo. Karavàn chanjman ansyen Prezidan Jovenel Moise la, lojik ki te dèyèl la ta sanble te kòrèk, ka sèvi kòm yon egzanp klè pou nou konprann ki pwoblèm ki gen lòske minimòm règ nan jesyon piblik la pa respekte.

Nan eta bagay yo la, zotobre ki nan sektè politik, ekonomik ak entelektyèl ayisyen yo dwe di youn lòt laverite epi aji pou Ayiti. Yo ta dwe, an reyalite, pwofite opòtinite patnè Ayiti yo nan jès abit nan negosyasyon politik kap fèt yo pou ankouraje pitit peyi a chita pou panse epi poze baz pou nouvo Ayiti a. Sa toujou posib. Dayè, si, sou demand patnè sa yo, aktè politik ayisyen yo prese prese rive, nan yon tan tou kout (72zèd tan maksimòm), chwazi reprezantan yo pou fòmasyon yon Konsèy prezidansyèl eksepsyonèl, yo ta kapab tou byen defini, selon règ nan domèn lan, estrateji politik ki baze sou vrè pwoblèm ak bezwen peyi a.

Se vre, aktè politik ayisyen yo depi digdantan pa gen abitid antann yo sou vrè pwoblèm Ayiti yo, men reyalite sa a pa fè, pou otan, peyi a vin yon peyi inik e patikilye, nan yon pwen li devye konsa lwen prensip, règ, teknik ak metòd òdinè ki fè ke aksyon piblik yo bay bon jan rezilta nan lòt peyi nan mond lan ki te gen pwoblèm ki sanble prèske ak pwoblèm Ayiti yo e ki te byen rezoud yo. Jiska prezan, Rwanda se yon bon egzanp ! Kidonk, Ayiti merite miyò ke sa yo ofri li jodi a. Li dwe abandone chemen li pran ou ap rapouswiv la a. Li dwe atake sak lakòz pwoblèm li yo nan nannan yo olye lap aji senpleman sou kèk siy oswa sou sa pwoblèm yo drennen. Konsa, pou reyèlman diminye ris pou itilize resous yo nan aksyon ki pa enpòtan e ki pa kapab pwodwi bon rezilta, li endispansab pou Ayiti etabli baz jesyon, lalwa, politik ak administratif ki mache men an men ak reyalite a e bezwen yo pou kapab pratike yon gouvènans piblik responsab.

Mezi pou yon Gouvènans Piblik Responsab

Retire Ayiti nan sal ye a dwe priyorite pami tout lòt priyorite yo, malgre dezakò politik ki ka genyen, kit yo la digdantan oubyen yo lye ak sikonstans lan, malgre diferans nan apwòch teknik oswa syantifik ki ta ka egziste nan mitan aktè ayisyen yo. Pou Ayiti rekanpe sou pyel, sa a dwe pase, yon kote, nan yon depasman nan politik la e, yon lòt kote, nan pratike bòn gouvènans (respè règ yo) nan enstitisyon piblik yo. Nan ka sa a, divès aktè politik ak administratif yo dwe angaje yo nan demach pou yo aji pou sèvi sosyete a. Kidonk, nou menm, siyatè dokiman sa a, ak tout lòt moun ki va apiye l avèk nou apre, pa nenpòt ki mwayen, nou pwopoze :

  • Ke aksyon piblik yo pandan Tranzisyon an ak sa yo ki pral pran aprè yo reyalize nan kondisyon politik, administratif, estratejik ak teknik ki kadre ak reyalite a ;
  • Ke Ayiti finalman kite dèyè l jesyon piblik lap pratike kounye a ki baze sou « bagay tou fèt » osinon « tou pare » ki soti deyò peyi a, sou emosyon politik, sou sa ki pa ekri, sou sak depaman, sou sak pa prepare, sou sak pa prevwa, sou sak pa defini, sou sak fèt san transparans, sou sak fèt san kontwòl e, kidonk, ki chita sou absans responsabilite aktè politik ak administratif yo ;
  • Ke Leta adopte baz politik ak administratif dirab pou yon gouvènans piblik responsab e ki oryante vè rezilta ki ka evalye ;
  • Ke Ayiti, anfen, chwazi larezon, kidonk, lasyans, teknik ak teknoloji pou soti nan sitiyasyon li ye a ;
  • Ke Leta mete baz lalwa ki makonnen ak reyalite li yo, nan sans sa kap fèt jodia e sal planifye, espesyalman ak nesesite ki genyen pou yon jesyon piblik responsab e ki chita sou larezon nan yon pwosesis enplikasyon reyèl aktè kle yo sou baz eksperyans yo, konesans yo ak/oswa angajman yo nan domèn konsène yo.

Sou baz tout konsiderasyon nou sot prezante la yo, nou ekri, nan tablo ki twouvel tout swit aprè a, nan yon langaj teknik men senplifye, yon pwopozisyon ki gen ladan l dis (10) mezi pou ankouraje lide kap mete chita yon kilti nan zafè jistifikasyon ak planifikasyon aksyon piblik yo epi tou pou poze fondasyon pou yon Leta kap sèvi Pèp la. Sa ta ka ede nan mennen yon Tranzisyon politik ki reyisi nan pi gwo enterè Nasyon an. Mezi sa yo valab kèlkeswa mòd gouvènans politik ki mete an plas la, paske bòn gouvènans piblik dwe yon priyorite nan tout sikonstans.

Mezi pou yon gouvènans responsab nan Tranzisyon politik la
e
Antre Ayiti nan yon demach bòn gouvènans piblik
# Pwopozisyon mezi Avantaj Dezavantaj Remèd
1 Aksyon Tranzisyon an dwe gen ladan l tout mezi ijans ak estratejik ki ka pèmèt Leta a reprann kontwòl otorite piblik yo sou teritwa nasyonal la, men tou pou reprann kontwòl gouvènans tout aparèy politik ak administratif li ki merite fonksyone sou baz larezon valab. Sa ap diminye ris pou menen Tranzisyon fragil sa a nan echèk sou baz politik lè li limite twòp kapasite li pou l mete baz lalwa epi aji nan kèk domèn enpòtan nan Leta a.  Sa ka bay movèz enpresyon ke Tranzisyon an gen pouvwa san limit padan gen absans lòt pouvwa politik ki pou fè ekilib demokrasi a. Klarifye epi defini ofisyèlman, depi nan kòmansman, domèn entèvansyon Tranzisyon an ; Pratike transparans nan jistifikasyon teknik/oswa syantifik aksyon politik yap pran yo.
2 Tout mekanis (mizanplas) espesyal pou kowòdinasyon politik oswa kontwòl entèvansyon Tranzisyon an dwe etabli avan manm kap asire gouvènans eksepsyonèl kap mete anplas la konnen wòl ak responsabilite yo. Sa garanti ke jan bagay yo dwe fèt ak etabli san paskouki epi minimize ris konfli nan mitan aktè politik yo ki, nan listwa yo, gen difikilte pou yo antann yo.   Gen ris pou pwosedi operasyon yo vin pi long epi konsa retade pwogrè kèk aksyon ijan. Mete anplas mwayen pou apwouve epi fè kèk echanj sou entènèt sou sa kipa mande prezans ; Mete limit tan pou reyaksyon yo (pou pa pèdi tan nan dilatwa).
3 Aksyon Tranzisyon yo dwe kominike piblikman nan faz adopsyon politik ak konsepsyon teknik yo nan fason yap egzekite pou evite itilizasyon resous piblik yo nan entèvansyon ki pa priyoritè, ki pa fèzab, oswa ki pa gen enpòtans ni sosyal, ni politik, ni ekonomik, ni kiltirèl pou peyi a. Sa garanti resous disponib yo byen repati epi itilize nan sa ki bon pou peyi a ; Sa ankouraje aktè yo angaje yo selon konpetans yo epi sa favorize yo jwenn akseptasyon ak sipò sosyete a nan sa yap fè yo. Sa ta ka kase elan pou sèten aktè epi fè yo retisan pou aksepte asime kèk responsabilite politik majè ; Sa ta ka atize polemik/kontwovès politik. Evalye bezwen yo epi mete mwayen ki nesesè pou fasilite operasyon aktè Leta (politik ak administratif) yo ; Prezante jistifikasyon pou tout entèvansyon piblik yo.
4 Gwo bezwen oswa pwoblèm peyi a ki pou rezoud dwe klèman defini kote kòz yo idantifye avèk rigè epi metòd kote Leta ap angaje resous ki nesesè pou evite pase tan nan trete senp sentòm ak konsekans vizib. Sa evite gaspiyay resous piblik yo nan aksyon ki pa enpòtan pandan ke pwoblèm yo rete menm jan an oswa vin pi grav ; Sa pèmèt Leta pran tan pou konprann epi chache rezoud pwoblèm ak bezwen reyèl yo. Gen ris pou sa pran bon jan tan anvan Leta rive jwenn solisyon ki enpòtan epi dirab yo ; Sa ekspoze Pouvwa anplas la a boykotaj politik. Adopte mezi ijan kap bay rezilta pwovizwa pandan yap chache sène epi rezoud pwoblèm ak bezwen yo an pwofondè nan yon mannyè gradyèl ; Asire akseptasyon nan mitan ekip ki sou Pouvwa a.
5 Aksyon politik yo dwe baze sou bezwen reyèl ak/oswa pwoblèm ki dokimante aprè yo finn analize yo epi yo dwe mete yo nan yon planifikasyon estratejik (ki long) ki fèt sou baz teknik pou sèvi kòm zouti kontwòl, omwen, chak trimès, nan yon demach transparans piblik ak larezon. Sa pèmèt genyen eleman referans teknik ak politik sou baz yo resous nesesè kap kapab mobilize epi pou swivi evolisyon pwoblèm yo oswa pou estime enpak mezi ki adopte yo. Sa ka pote moun entèprete nan movèz fason tout chanjman ke aktè yo ta pote nan aksyon kite planifye men kap egzekite yo. Ekri epi kominike sitiyasyon yo ansanm ak jistifikasyon pou tout modifikasyon nan plan ki te prevwa yo.
6 Defini yon fason klè objektif estrateji osnon politik ki adopte yo nan mannyè pou fasilite Leta a fè kontwòl sou ekzekisyon estrateji osnon politik yo epi apresye nan ki nivo rezilta yo ki te prevwa yo reyalize pandan pwosesis Tranzisyon an ap avanse. Sa pèmèt aktè yo swiv evolisyon Tranzisyon an, pou konstate aksyon ki bezwen koreksyon epi pou yo aji nan bon moman sou baz enfòmasyon ki sot nan nannan reyalite a. Sa ka ralanti pwosesis pou chwazi kèk aksyon lè gen difikilte pou jwenn antant sou objektif ki kadre ak reyalite a. Mete nan ekip aktè kap travay sou definisyon objetik yo kèk pwofesyonèl ki ka pran distans ak pwoblèm yo pou gade ekilib nan kontradiksyon ki nesesè nan ekzekisyon modèl tach konplèks sa yo.
7 Klarifikasyon rezilta yap chache yo epi eleman pou ka konstate yo sou baz objektif defini yo pou chak aksyon ki adopte dwe chita sou bon konsansis anvan yo mete tan ak lòt resous nesesè pou ekzekisyon yo. Sa kontribiye nan responsabilize chak aktè pou chache reyalize rezilta nan sektè pa yo ki nesesè pou siksè Tranzisyon an ; Sa ap fasilite posibilite pou akseptasyon rezilta yo, evalyasyon yo, epi yon pi bon repatisyon resous yo. Sa ka retade pwosesis pou chwazi kèk aksyon yo lè akò sou rezilta konkrè yo difisil pou jwenn. Mete nan ekip aktè kap travay sou definisyon objetik yo kèk pwofesyonèl ki ka pran distans ak pwoblèm yo pou gade ekilib nan kontradiksyon ki nesesè nan ekzekisyon modèl tach konplèks sa yo. Chwazi endikatè ki gen mwens mezantant sou yo.
8 Rezilta pwovizwa oswa final kap soti nan aksyon ki dwe fèt yo ansanm ak difikilte ki makonnen ak reyalite ekzekisyon yo ak siksè dwe ekri nan dokiman epi kominike piblikman, pou pi piti, chak 3 mwa, nan yon demach pou bay enfòmasyon piblik sou tout sak fèt. Sa bay aktè yo asirans, sitou sitwayen yo, sou avansman konkrè yo ; Sa garanti konfyans yo nan pwosesis Tranzisyon an epi donk bay li sipò nesesè yo ; Sa favorize rann kont ak itilizasyon leson eksperyans bay nan aktivite yo. Gen ris pou sa okazyone entèpretasyon ki ale nan sans kontrè kominikasyon an lè eleman teknik sou avansman yo pa kòrèk /klè. Kominike, pou pi piti, chak 3 mwa, reyalizasyon yo ak difikilte yo rankontre nan yon langaj klè e ki senplifye nan tou 2 lang ofisyèl Ayiti yo.
9 Yon moun kandida pou yon pòs ki disponib nan yon ensitisyon Leta pandan Tranzisyon an dwe siyen yon Dokiman (Fèy wout) ki mande angajman fòmèl li pou bay rezilta ki dwe rann piblik epi ak yon delè yon (1) mwa pou evalyasyon san pèdi tan responsabilite yo li gen pou asime epi konfimasyon nan yon dokiman ekri sil kapab deplwaye konpetans ak estrateji nesesè pou bay rezilta ki fikse yo. Sa motive aktè yo pou deplwaye efò nesesè yo pou sèvi Pèp la sou baz angajman yo ak konpetans yo, sa ki ta garanti siksè Tranzisyon an ki prezante, nan moman sa a, yon aparans enkyetan. Sa ka pouse moun refize okipe kèk fonksyon nan Leta a ke yo sipoze yo pa genyen tout konpetans ki nesesè yo. Asepte fonksyon ke yo genyen konpetans ak mwayen nesesè pou okipe yo ; Evalye responsabilite ki pou asime yo epi endike, depi nan kòmansman fonksyon an, tout ris ki makonnen ak aktivite pou akonpli yo.
10 Chak moun ki gen yon pòs dwe reyalize epi prezante, kòm bousòl, yon plan ki genyen aksyon ki dwe egzekite yo, nan yon (1) mwa edmi, apre li fin pran fonksyon l, ansanm tou ak yon Plan sekou pou sitiyasyon enprevi ak ijans yo, toulède dwe reyalize sou baz evalyasyon responsabilite pou asime ak ris ki makonnen ak reyalite jesyon piblik an Ayiti. Sa favorize yon jesyon responsab epi oryante vè rezilta, kit aske saka mande pou ajiste aksyon ki prevwa yo pou divès kòz pou klarifye lè okazyon sa vini.  Sa pran anpil resous nan kòmansman fonksyon yo san garanti ap gen rezilta ; Gen ris pou rive ranplase twò souvan aktè yo nan sistèm politik ak administratif lan. Mete sou pye kèk mezi reglemantè ak administratif espesyal, ki chita sou bezwen yo, ki gen awè avèk resous ke yo ka mobilize ; Chwazi kandida ki gen kapasite ak konpetans yo.

Konklizyon

Nou prezante pwopozisyon mezi sa yo nan lide pou pouse Leta nan yon dinamik pou jistifye ak planifye aksyon piblik yo an Ayiti. Sètènman, nou pa gen pretansyon pwopoze yo kòm yon remèd mirak, men nou sijere kèk règ, prensip ak metòd ki ka ankadre aksyon Leta yo nan yon fason ki chita sou larezon pou byennèt kominote a. Nou dakò ke yon jesyon resous Leta yo ki chita sou larezon ak reyalite a kapab konvenk sitwayen yo sou rezon valab pou bay kontribisyon yo pou Leta ka asime chay piblik yo.

An reyalite, okenn politik pap rive jwenn validasyon ou api total tout aktè konsène yo nan yon sosyete, men li [politik] dwe fèt nan yon jan pou fasilite sila ki konsène yo bay li sipò politik ak sosyal rezonab. Konsa, san nou pa kwè nou rive sène, sou tout aspè yo, tout defi gouvènans piblik ayisyèn nan, nou prezante mezi sa yo kòm gid ki pa ka fin anbrase tout bagay nèt. Yo chita sou anpil konesans ak eksperyans nou yo nan Leta ayisyen ak sou lòt nou pran deyò Ayiti kika transfere nan administratsyon l lan. Antan ke sitwayen, mezi sa yo reprezante kontribisyon nou ki kapab ede Leta a pratike yon jesyon piblik ki chita sou larezon ak reyalite Ayiti a. Li enpòtan pou nou soulinye ke aplikasyon mezi yo kapab fèt yon mannyè gradyèl epi ak kèk diferans nan divès milye politik ak administratif peyi a. Nou espere mete yo an aplikasyon kapab kontribye, nan aspè teknik lan, nan siksè yon Tranzisyon politik kap debouche sou tabli yon Leta ki pou sèvi Pèp la.

Ayiti, 30 mas 2024

Vèsyon kreyol sa a se pa yon tradiksyon ki sètifye. Si n gen yon konfizyon sou yon pati ou sou tout dokiman sa a, tanpri konsilte vèsyon ki an fransé a, Haïti, 30 mars 2024.

Pou otantisite dokiman an :
  • Jeemy THELUS, Maitrise en administration publique (ENAP), Ex-fonctionnaire de l’administration publique haïtienne en contrôle / audit.
  • Samuel JOSEPH, Gestionnaire, Maître en administration Publique, Ex-fonctionnaire de l’État haïtien
  • Jean Eddy AMAJUSTE, Économiste, Comptable, Maitrise en Gouvernance et Marchés publics, Ex-fonctionnaire de l’administration publique haïtienne.
  • Gétho OXÉUS, MSc. Administration et politiques publiques, Ex-fonctionnaire de l’État haïtien
  • Erick PIERRE-VAL, Maitrise en Travail social (UdeM), Spécialiste en réduction de la violence communautaire et en intervention auprès des personnes vulnérables.
  • Yves LAFORTUNE, Av., Maître en administration publique, doctorant en politique publique
  • Erick Junior JEAN BAPTISTE, Ms Management de Project, MS Administration publique (En cours ENAP), Ex-fonctionnaire de l’Etat haïtien
  • Tayana A. Bellony CELESTIN, Maître en Administration Publique, Fonctionnaire de l’État haïtien
  • Max Elie René PASCAL, Gestionnaire, MBA, Ex-fonctionnaire de l’Etat haïtien
  • Lynda ALTIDOR, Gestionnaire, Maître en administration, Fonctionnaire de l’État haïtien
  • Mario FORTÉUS, DESS Administration financière, MS Sciences Économiques et Gestion, Ex-fonctionnaire de l’État haïtien
  • Watson SAINTUREL, Économiste, MSc. Management ; Ex-fonctionnaire de l’État haïtien
  • Jean Denis PIERRE-LOUIS, Économiste, Maître en administration Publique, Ex-fonctionnaire de l’État haïtien
  • Alain ST-CLAIR, Comptable, Maitrise Administration publique (En cous ENAP)
  • Josué VOLTAIRE, Av., Maître en administration publique AP, Fonctionnaire de l’État haïtien
  • Patrick OXILIEN, Fonctionnaire de l’État haïtien, MS Management de projet
  • Yves-Mary BEAUBLANC, Bs en administration, Maître en administration publique AP, Fonctionnaire
  • Joseph Emmanuel CHERUBIN, MS. Entreprise et marchés, Fonctionnaire de l’État haïtien
  • Amaral LÉANDRE, Comptable, Ms Gestion de projet, Cadre de fonction publique haïtienne, Professeur
  • Withz AIMABLE MBA, Doctorat Ph. D. en Finance
  • Claudel MOMBEUIL, Ph.D. Management. Professeur
  • Lucson Senatus, Maître en administration publique Spécialiste en management des organisations sportives. Fondateur du Centre de recherche de de l’innovation en sport
  • Johnson MARTIN, Agr., Spécialiste en Ressources Naturelles et Environnement
  • Réginald FRANÇOIS, Av., Master en Droit de l’Homme. MS en Droit Public – Marchés Publics
  • André Yves PIERRE, PhD. en Histoire, Ms en Sociologie. Doctorant en Géographie
  • Frantz MIAL, Ms Adaptation aux Changements Climatiques, Doctorant en Géographie, Université Laval
  • Floyid NICOLAS, PhD. Ingénierie des Systèmes Biologiques
  • Johnson JEAN-BAPTISTE, LLM. Droit (UdeM), Ms Philosophie, Ex-fonctionnaire de l’État haïtien, Spécialiste en droit des entreprises et des marchés financiers

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *